Nan kòmansman ane 2020, Rachel Oddman t ap resevwa yon woulib pou l al lakay li nan men yon zanmi lè li te remake yon gwo nyaj nan syèl la. Li te sonje te gen "yon gri nan lè a". Li te santi ke li ta dwe kòmanse fè pwovizyon manje ak bagay esansyèl, byenke li pa t ka eksplike egzakteman poukisa.
Touswit apre, nouvèl sou nouvo kowonaviris 2019 la (COVID-19) te gaye rapidman nan tout peyi a ak nan lemonn. Tankou pifò moun, Rachel te konfonn e choke pa nouvèl la, men gravite viris la te byen vit "prann fè fas".
Rachel, yon rezidan lojman sosyal NYCHA nan East Harlem, gen prèske 60 an. Malgre li ap viv poukont li, li te toujou trè enplike nan kominote li a epi li renmen yon pakèt aktivite ki kenbe l angaje ak sosyal. Pandan plizyè ane, Rachel te yon manm tou nan Sant pou Granmoun Aje Covello kote li te chante nan koral la, patisipe nan kou koregrafi, epi desine rad pou ranmase lajan pou pwogram koud la. Lè pandemi an te frape Vil Nouyòk epi sant pou granmoun aje a te fèmen, Rachel te pèdi kapasite pou l wè zanmi l yo, kongregasyon legliz la, ak fanmi l regilyèman. Pandan ke li te deside pou l pa kite enpak emosyonèl ak sosyal konfinman an afekte l, Rachel pa t ka pa remake kijan lòt granmoun aje bò kote l yo te de pli zan pli strese, yo te gen pwoblèm pou dòmi, epi yo t ap mande ki lè legliz lokal la ak sant pou granmoun aje a t ap relouvri.
Lè vil la te fèmen nan kòmansman mwa mas 2020 an, anpil New Yorkè te itilize Zoom pou yo te rete konekte pandan karantèn nan. Rachel pa t gen opsyon sa a paske li pa t janm gen yon laptop oubyen yon tablèt epi li pa abitye ak videyo konferans. Epi li pa poukont li. Rapò yo montre ke prèske 22 milyon granmoun aje Ozetazini pa gen aksè a entènèt filaire lakay yo. Divizyon dijital sa a fè konsekans sosyal, emosyonèl ak fizik distansyasyon sosyal la vin pi difisil pou granmoun aje ki gen ti mwayen epi ki te deja vilnerab anvan pandemi an.
Lè yo te rekonèt defi sa a, Rezo Vilaj East Harlem (EHV) nan Solisyon Sante Piblik (PHS) te entèveni pou jwenn yon solisyon. Rezo a konekte moun ki gen 65 an oswa plis epi k ap viv nan lojman sosyal nan East Harlem ak resous manje nourisan, sèvis pou granmoun aje, asirans sante, benefis ak sèvis swen sante. Nan mwa desanm 2020, rezo a te lanse pwogram pilòt Get Connected la ki bay tablèt, aksè entènèt ak fòmasyon teknoloji bay manm yo pou yo ka jwenn aksè san danje nan acha manje, medikaman, randevou medikal ak vaksinasyon, ak kou entèaktif pandan COVID-19 la.
Rachel te youn nan premye elèv ki te resevwa yon tablèt atravè pwogram Get Connected la epi ki te resevwa fòmasyon avèk Daphne Brown, Manadjè Pwogram EHV PHS la. “Pati ki pi difisil nan fòmasyon teknoloji a sete aprann kijan pou mete òdinatè a an plas,” Rachel te admèt. Li te gen kè sote pou itilize teknoloji men li te yon elèv ki te chofe e ki te atantif. Daphne te sonje, “Pandan fòmasyon endividyèl nou an, Rachel te vini prepare avèk yon plim ak yon blòk pou pran nòt sou kijan pou l fè diferan travay sou tablèt la. Menm si li te difisil pou fè fòmasyon sa a vityèlman, mwen te avanse nan vitès Rachel, mwen te ba li tan pou l poze kesyon klarifikasyon epi mwen te gide l nan travay endividyèl yo.”
“Yon fwa m te santi m alèz pou m itilize teknoloji a, pa t gen anyen ki te ka anpeche m,” Rachel te di avèk yon gwo souri. Li di teknoloji a ak fòmasyon an amelyore kalite lavi li epi kreye yon gwo sans kominote pandan pandemi an.
"Yon fwa mwen te santi m alèz pou m itilize teknoloji a, pa t gen anyen ki te ka anpeche m."
Depi li te resevwa tablèt la, fonksyon Rachel pi renmen an se sant vityèl pou granmoun aje yo (VSC) ki pèmèt granmoun aje yo patisipe nan yon seri aktivite ak klas entèaktif. Li te di, “Mwen renmen gen konpayi sou VSC, wè yon lòt moun… se tankou yo la avè m!” Li te patikilyèman renmen kou tankou tai chi, fòmasyon òdinatè, istwa Bib la, swen pou po, ak atizay e li te menm patisipe nan yon pwogram vwayaj vityèl. “Mwen te vwayaje toupatou nan mond lan pandan COVID; mwen pa t menm bezwen gen yon paspò,” Rachel te di byen fò.

Atravè pwogram Get Connected la, Public Health Solutions ap pran devan pou adrese pwoblèm divizyon dijital ki genyen pami granmoun aje ki gen ti mwayen k ap viv nan lojman NYCHA. Nou pral itilize leson nou tire nan pwogram pilòt la pou elaji pwogram nan pou plis pase 350 granmoun aje an 2021. Rachel angaje l pou ede lòt granmoun aje yo aprann plis bagay sou pwogram nan. “Lefèt ke m te gen opòtinite sa a chanje lavi m,” li di. “Lòt moun bezwen konnen tou ke gen èd ki disponib.”
Angajman ou nan travay nou an ede granmoun aje tankou Rachel jwenn sipò yo bezwen an. Avèk don ou an, nou ka elaji pwogram Get Connected la pou rive jwenn plis granmoun aje. Fè kontribisyon ou jodi a.