Min*, yon granmoun aje ki gen 65 an, ap viv poukont li nan Bronx la. Akòz andikap li a, Min pa ka soti lakay li epi mobilite li limite, sa ki fè aktivite nesesè tankou ale nan makèt ak randevou doktè yo patikilyèman difisil. Min ap viv tou ak yon revni fiks, li ap lite pou l peye manje nourisan pou ede l jere maladi li te deja genyen yo, tankou ensifizans kadyak, boul nan san nan janm li, ak dyabèt.
Lè epidemi COVID-19 la te fèmen vil Nouyòk, sitiyasyon Min nan te vin pi mal. Non sèlman li te gen yon risk ogmante pou l pran enfeksyon akòz laj li ak maladi li te genyen deja, men li te toudenkou koupe ak manm fanmi li ki te konn vizite l akòz direktiv distans sosyal yo. Li te santi l poukont li e boulvèse.
Nan bezwen asistans manje, Min te eseye aplike pou SNAP (koupon manje) poukont li, men li te jwenn pwosesis la konfizyon epi li te pran anpil tan. Li sonje, “Mwen pa t konprann pwosesis pou aplike a epi mwen te pè mwen t ap fè l mal.” Apre li te fin soumèt dokiman li yo, li te tann pandan plizyè jou pou l konnen si aplikasyon li an te apwouve. Li pa t janm jwenn repons. San l pa t konnen li te bezwen swiv aplikasyon li an pou l soumèt plis dokiman, Min te finalman dekouvri ke yo te fèmen dosye li a.
San posiblite pou l ale nan gadmanje akòz restriksyon mobilite li yo ak dosye SNAP li a ki te fèmen, Min te santi l depase pa lide pou l kenbe yon rejim alimantè ki an sante. "Mwen te sipoze ke, kòm dosye mwen an te fèmen, pa t gen okenn lòt fason pou m jwenn èd. Se te boulvèsan e enkyetid."
Erezman, yon travayè sosyal nan NYC Health + Hospitals/Jacobi te refere Min bay rezo resous kominotè Public Health Solutions (PHS) la ki konekte Nouyòkè ki nan bezwen ak sipò kowòdone pou jwenn aksè a gadmanje, repa rasanble, repa livrezon lakay ki adapte ak bezwen medikal, ak lòt sèvis manje.
Yon ti tan apre, Janay Ramirez, Navigatè Manje PHS la, te kontakte Min pou fè yon evalyasyon konplè sou sitiyasyon Min nan pou l te ka ofri solisyon ki satisfè bezwen inik li yo. "Malerezman, anpil moun ki vin jwenn nou pa konnen ke gen pwogram ki ale pi lwen pase bezwen jeneral yo epi ki ka adapte ak sante, rejim alimantè, oswa lòt bezwen endividyèl," Janay te note. Li te klè ke Min te bezwen èd non sèlman pou l peye manje nourisan, men tou pou yon moun achte l, kwit li, epi livre l ba li. Janay te kòmanse travay pou konekte Min ak resous ak sèvis ki fèt espesyalman pou rezon sa yo.
Premyèman, Janay te ede Min relouvri aplikasyon SNAP li a epi jwenn apwobasyon pou pwogram nan. Apre sa, Janay te konekte Min ak God's Love We Deliver , yon patnè nan rezo resous kominotè PHS la, ki bay manje ki adapte ak bezwen medikal pou moun ki pa kapab kwit manje oswa fè makèt poukont yo akòz pwoblèm medikal. Anvan yo te refere Min nan òganizasyon sa a, Min pa t konnen li te kalifye pou sèvis li yo.
Jodi a, Min toujou enskri nan SNAP ak God's Love We Deliver epi li kenbe kominikasyon regilye ak anplwaye PHS yo pou mete ajou plan livrezon repa li a dapre medikaman aktyèl li a. Lefèt ke li gen aksè a manje nourisan pèmèt li jere kondisyon pre-egzistan li yo epi amelyore li an jeneral. Li rekonesan anvè PHS paske yo te ede l navige nan yon sistèm sante konplèks epi jwenn opsyon ki te mache pou li. "Travay ak Janay te yon plezi. Li te montre m ke mwen pa t poukont mwen, menm lè mwen te panse pa t gen okenn lòt opsyon pou mwen... Kounye a, m ap manje pi an sante epi m pa ale kay doktè a souvan," Min te di.
Pandan sezon fèt sa a, ede Nouyòkè tankou Min ki bezwen resous esansyèl yo, pou yo gen lapè lespri, paske yo konnen bezwen sante ak sosyal inik yo jwenn solisyon atravè rezo resous kominotè PHS la. Pou sèlman $375, ou ka bay yon fanmi aksè a rezo resous santralize sa a tankou manje, asirans sante, lojman, èd legal, sèvis sante mantal ak anpil lòt bagay ankò. Bay jodi a .
*Non chanje pou pwoteje vi prive .