Depi Avril 2022, plizyè milye imigran te pran bis pou ale nan Vil Nouyòk soti Texas. Imigran sa yo ap lite ak baryè lang, baryè kiltirèl, lojman, manje ak asirans sante. San fanmi ni zanmi nan zòn nan, yo oblije navige poukont yo nan sistèm gouvènman ak sektè òganizasyon san bi likratif Vil Nouyòk ki gaye toupatou a. Public Health Solutions konble diferans lan ak anplwaye ki divès e ki pataje menm orijin.
Carlos*, yon imigran Venezyelyen, te mache soti Venezyela pou l al Texas ak madanm li ak de pitit li yo paske Venezyela t ap travèse yon kriz finansye ki te fè li tèlman difisil pou l pran swen fanmi li, sa te fè pran risk pou l mache al nan yon lòt peyi pandan sis mwa te sanble pi an sekirite pase rete nan peyi l. Sepandan, lè li menm ak fanmi li te rive Texas pou chèche azil, Patwouy Fwontyè Ameriken an te arete yo epi yo te voye yo nan vil Nouyòk nan bis.
Okòmansman, li menm ak fanmi li te rete nan Midtown Hotel nan Manhattan, men pita yo te voye yo al viv nan yon abri tanporè nan Bronx, ke Biwo Afè Imigran Majistra a te bay pou moun k ap chèche azil ki soti nan Amerik Santral ak Amerik di Sid. Nan yon lòt nouvo kote ankò, san travay e san lajan pou manje oswa asirans sante, li te santi l poukont li e yo te bliye l.
Pandan l ap chèche manje pou fanmi li, li te patisipe nan yon evènman New York Common Pantry te òganize, kote li te kapab jwenn aksè a sèvis gadmanje. Pandan l te la, li te rankontre Ronaldo ak Wendy, Kowòdonatè Swen PHS NYC, ki te ede l ak bezwen asirans sante li.
Ronaldo, ki se yon Sid Ameriken tou, te bay sipò li te bezwen anpil la. Antanke yon imigran Sid Ameriken ki fèk sot vini, li te pale panyòl, li te pataje yon eritaj kiltirèl ki sanble ki te pèmèt li menm ak Carlos gen yon konpreyansyon mityèl, epi li te okouran de tout ti detay ki genyen sou kote Carlos te soti a ak sa Carlos ta ka bezwen nan lavni. Apre li te fin konekte l ak NYC Care, Ronaldo te voye referans bay lòt òganizasyon pou konekte l ak IDNYC atravè REAL ID.
Carlos di, “Mwen te santi m poukont mwen epi bliye, men mwen santi m pi an sekirite kounye a ke mwen gen swen sante ak yon moun pou m mande sou bezwen m yo.”
Mwa k ap vini yo pral difisil, pandan n ap lite ak fen benefis SNAP pandemi an ak pèt Medicaid pou plizyè milyon Ameriken, men PHS gen anplwaye miltileng ak miltikiltirèl ki pataje eksperyans lavi yo ak kliyan yo epi ki chofe pou bay èd endividyèl. Nou pare.