Rosa: Jwenn yon pozisyon solid kòm yon manman adolesan

Imaj Afiche

Rosa te gen sèlman dizwitan epi li t ap viv nan yon abri ak manman l lè li te akouche pitit fi li a, Katherine. Kòm yon manman selibatè nan yon laj tèlman jèn, Rosa te deja santi l nève e ensèten pou l pran swen yon timoun piti, men pwoblèm li yo te vin pi mal lè apendis li te pete touswit apre akouchman an, sa ki te kite l ap soufri pandan plizyè semèn.

Pandan Rosa t ap refè apre apendisèktomi a, Katherine te pase plis tan sou swen grann li. Pandan twa premye mwa nan lavi Katherine, Rosa te dekri tèt li kòm yon moun ki te santi l pèdi e ki t ap lite pou l te gen yon lyen ak pitit fi li a oubyen pou l te pran swen li. “Mwen t ap pase anpil bagay. Mwen te bezwen yon ti tan pou m te ka adapte m ak nouvo lavi mwen kòm yon jèn manman. Manman m te ede m pran swen Katherine paske mwen pa t nan bon etadespri,” Rosa di.

Finalman, manman Rosa te retounen nan travay, li te kite l pou kont li ak Katherine. Sa pa t ede nonplis, epi Rosa sonje li te kontinye santi l lwen tibebe a epi li pa t sèten sou pi bon fason pou l pran swen l. Rosa te santi l pi enkyete paske li pa t konnen kijan pou l asire ke tibebe a t ap grandi an sante. Li te konnen li te bezwen plis èd.

Se lè sa a yon travayè sosyal nan Lopital Woodhull te refere Rosa nan Pwogram Healthy Families Solutions Sante Piblik la, youn nan pwogram sipò familyal ak vizit lakay gratis nou yo. Pwogram nan ede paran yo jwenn konpetans ki apwopriye pou sipòte pitit yo, kòmanse depi gwosès la epi dire jiskaske timoun nan gen senk an. Apati entèraksyon avèk espesyalis sipò familyal ki resevwa fòmasyon, pwogram nan bay edikasyon ak sipò konplè pou paran lakay, tès depistaj ak zouti devlopman timoun, ak referans pou sèvis pou paran ki fèk fèt, ak objektif pou amelyore byennèt ak otosifizans fanmi an. 

Atravè pwogram nan, Rosa te konekte ak yon espesyalis sipò familyal ki te kòmanse vizit lakay pou evalye devlopman Katherine epi ede Rosa fikse etap enpòtan pou tèt li kòm yon manman. Pandan plizyè mwa apre sa, Rosa ak espesyalis sipò familyal li, Lizbeth, te travay sou devlopman tibebe a tout pandan y ap kenbe objektif Rosa pou lavni an vi. Lizbeth te konekte Rosa ak manman l tou ak resous kominotè tankou benefis SNAP (koupon manje) pou devlopman jeneral fanmi yo.

“Mwen sonje m te panse jan sa te etonan paske m pa t konnen te gen yon pwogram konsa, ki sipòte w ak tibebe w la epi ki ede w ak devlopman tibebe w la nan lavni.”

Avèk sipò Lizbeth, Rosa byen sou bon chemen pou l atenn objektif li pou l konprann devlopman Katherine epi aprann teknik paran pou l pi byen nouri kwasans Katherine. Rosa ap aprann tou kijan pou l jwe epi kominike avèk tibebe li a epi li simonte nèt premye obstak li te rankontre pou l te ka konekte ak Katherine. 

Mwa sa a, Rosa te fete premye anivèsè Katherine. Katherine se yon timoun ki kontan e ki an sante, pandan Rosa te pase twazyèm ane lekòl segondè li epi li pral kòmanse dènye ane lekòl segondè li otòn k ap vini an.

Pandemi COVID-19 la pote nouvo difikilte pou ti fanmi yo a – youn sou chak senk Nouyòkè pèdi travay yo e malerezman, manman Rosa te youn nan yo – men Rosa rekonesan pou sipò san rete Lizbeth.

Rosa ak Lizbeth kontinye rankontre yon fwa pa semèn a distans atravè apèl videyo pou Lizbeth ka kontinye ede siveye kwasans Katherine, bay Rosa zouti ak enfòmasyon li bezwen pou l vin yon manman ekstraòdinè, yon wòl li te adopte ak tout kè l. Jou sa yo, konvèsasyon yo santre sou kòmanse Katherine ak ti goute epi ede Rosa balanse travay lekòl ak matènite.

Rosa te pataje ak Lizbeth tou kijan li espere travay kòm asistan pwofesè nan yon gadri lè l fini lekòl paske li vin gen yon nouvo lanmou pou timoun grasa eksperyans li kòm manman. Lizbeth di, “Se te yon bèl bagay pou wè Rosa devlope epi kominike avèk tibebe li a. Li te gen dout sou tèt li lè l te yon jèn manman lè nou te kòmanse, men kounye a, wè l kominike avèk tibebe li a avèk konfyans ak lanmou se yon bagay enkwayab!”

Rosa pataje menm santiman an, li di: “Anvan m te kòmanse pwogram nan, m pa t konn anyen sou tibebe oswa sa pou m espere lè m ap vin manman. Kounye a, mwen renmen travay manman, epi Katherine avè m gen yon pi gwo lyen.”

Pwogram vizit lakay PHS yo , tankou Healthy Families, ede fanmi ansent ak paran yo gen pi bon rezilta sante, pou asire ke tibebe yo ak fanmi yo sou yon chemen pou yon lavi ki pi an sante.

Angajman ou nan travay nou an ede sipòte manman adolesan vilnerab tankou Rosa epi ba yo sipò yo menm ak pitit yo bezwen an. Sepandan, nou gen anpil lòt manman ki pral byento sou lis datant pou sèvis vizit lakay sa yo ki enpòtan anpil. Avèk don anplis ou a, nou ka elaji pou ede plis fanm ki nan bezwen. Fè kontribisyon ou jodi a.