Georgina: Fè fas ak pèt pandan w ap selebre mirak matènite a

Imaj Afiche

Nan kòmansman ane 2020 a, Georgina Acevedo t ap viv nan Queens avèk mari l, Bernaved, ak de pitit yo, Tony ak Valerie. Georgina, orijinèlman Meksiken, te vin Ozetazini an 2003 avèk mari l. Yo te gen gwo rèv pou yo te elve yon fanmi epi yo te travay di pou bay manje, yon kay ki an sekirite ak edikasyon pou pitit yo. Se te yon lavi trankil ak kontan.

Men, an mas 2020, COVID-19 te frape. Vil Nouyòk te vin tounen episant pandemi an, epi plizyè milye Nouyòkè, tankou Bernaved, te pèdi lavi yo. Lanmò sibit mari l la te kite Georgina ak de pitit li yo devaste. “Poukisa [sa rive] mari m, papa pitit mwen yo ke mwen renmen anpil e mwen bezwen an,” Georgina te di ak dezespwa. “Mwen poukont mwen.”  

Pandan COVID-19 la te kontinye ap fè raj nan vil la, yon lòt difikilte te vin sou wout Georgina – li te pèdi travay li kòm yon dam netwayaj. Yon ti tan apre, li te kòmanse santi l malad, li te soufri ak vètij ak tèt fè mal. Yon vizit kay doktè swen prensipal li pou yon tès COVID-19 te revele yon sipriz. Georgina te ansent twazyèm pitit li.

“Yo te voye yon mirak lanmou ban mwen,” Georgina te sonje.   

Yon travayè sosyal nan Lopital Elmhurst te refere Georgina nan pwogram vizit lakay Public Health Solutions (PHS) ki rele CoMadres . Atravè patenarya li yo ak òganizasyon sante kominotè nan senk awondisman yo, PHS adopte yon apwòch inik, santre sou kliyan an anvè sante piblik lè li konekte Nouyòkè vilnerab yo ak yon seri sèvis ak resous ki ka adrese bezwen sante, sosyal, ekonomik ak emosyonèl endividyèl yo. Pwogram CoMadres la sipòte fanm ak fanmi yo nan Queens anvan, pandan ak apre gwosès la lè li konekte yo ak travayè sante kominotè (CHW) ki ofri edikasyon ak defans sou sante repwodiktif epi refere kliyan yo nan yon pakèt resous kominotè pou manman yo ak fanmi yo jwenn sipò nan tout aspè nan lavi yo pandan gwosès la ak peryòd apre akouchman an.

“Lè m te rankontre Georgina, li t ap fè eksperyans yon melanj emosyon: kontantman poutèt gwosès li a ak tristès dèske li pa t kapab pataje lajwa a ak mari l,” se sa Ana Peralta, CHW CoMadres ki te kontakte Georgina, di. 

Ana te evalye bezwen Georgina nan tout aspè nan lavi li epi li te mete tèt li nan travay pou asire ke Georgina te jwenn tout èd li te bezwen pandan ak apre nesans tibebe a. Non sèlman Georgina te bezwen èd pou navige gwosès li san mari l, men li te anba gwo strès tou poutèt li te pèdi travay li epi li te oblije pran swen fanmi li k ap grandi a poukont li.

“Mwen te vle asire m ke li te santi l estab epi fè l konnen ke li te gen sipò disponib.”

Ana te ede enskri Georgina nan SNAP (koupon manje) epi li te konekte l ak kèk gadmanje nan katye a. Li te pataje nimewo telefòn li ak Georgina tou pou l te ka kontakte l si l gen nenpòt kesyon oswa enkyetid. “Mwen te vle asire m ke li te santi l estab epi fè l konnen ke sipò te disponib pou li,” Ana sonje. Pandan tout enskripsyon Georgina nan pwogram nan, Ana te kontakte l souvan pou l pran nouvèl epi ofri l lòt sèvis li ta ka bezwen. Ana te ede Georgina tou prepare pou rive tibebe a avèk kouchèt ak yon Pack and Play epi li te ofri pou l konekte l ak sèvis konsèy pou l te ka fè fas ak chay emosyonèl pèt Bernaved la.

Anplis travay li te fè ak Ana, Georgina te patisipe tou nan atelye Hola Bebe CoMadres la, yon pwogram vityèl twa semèn ki bay edikasyon sou sante ak kominote pou fanm ansent ak fanm apre akouchman. Pandan tout mwa avril la, Georgina te konekte ak lòt manman ansent atravè chat videyo pou aprann enfòmasyon enpòtan sou jan pou gen yon gwosès ki an sante, swen pou tibebe ki fèk fèt ak swen pou manman apre akouchman epi tou pou pataje istwa sou gwosès anvan li yo. Pandan pik distans sosyal la, pwogram nan te ofri Georgina yon opòtinite pou bati yon nouvo rezo sipò pou l apiye sou li, lye pa yon eksperyans pataje nan matènite.

Nan mwa Oktòb, Georgina te akouche yon ti fi ki an sante yo rele Natalie. “Mwen rekonesan anvè pwogram nan e sitou anvè CHW mwen an ki te montre m ke mwen pa t poukont mwen e ki te ban m konfyans pou m mande enfòmasyon ak asistans,” li te di. Georgina te retounen nan yon travay aplentan kounye a tou e li di li santi l gen espwa pou lavni ki devan l.

"Yo sove m."

Malgre Georgina pa fè pati pwogram nan ankò, li toujou gen nimewo CHW li a sou la men si li ta gen nenpòt kesyon oswa enkyetid nan lavni. "Mwen gen chans pou yo refere m nan pwogram nan epi pou m fè pati ladan l. Yo sove m."

Manman ki gen ti mwayen ak manman selibatè yo te patikilyèman afekte pa COVID-19 la. Pandan y ap fè fas ak yon chomaj ki pa pwopòsyonèl, anpil ladan yo ap lite pou bay pitit yo edikasyon lakay, jwenn asistans manje, epi pran swen fanmi yo finansyèman. Sipò ou ede nou asire ke manman tankou Georgina ka jwenn aksè a resous ak sipò esansyèl pou yo rete aktif. Fè kontribisyon ou jodi a.