Deklarasyon sou jijman Roe kont Wade la

Imaj Afiche

Lakou Siprèm Etazini an pibliye jodi a desizyon ofisyèl li pou ranvèse Roe kont Wade, yon ka istorik ki te pwoteje dwa yon moun pou avòtman pandan prèske senkant ane. Nou menm nan Public Health Solutions, nou pwofondman fache kont desizyon tribinal la epi nou fache anpil poutèt demantèlman san rete ak sistematik swen repwodiktif nan peyi sa a. Pa twonpe nou: avòtman legal pwouve li se yon pati swen sante ki an sekirite, efikas, epi esansyèl, epi desizyon jodi a pral gen konsekans devastatè pou sante piblik la.  

Nan semèn k ap vini yo, yo prevwa plis pase ven eta pral entèdi avòtman byen vit, ansanm ak kriminalize moun k ap fè avòtman ak founisè sèvis yo. Sa pral san dout gen yon enpak disproporsyonèl sou popilasyon nou yo ki pi defavorize yo - moun nwa, endijèn ak lòt moun ki gen koulè, imigran ak moun LGBTQ+, ansanm ak moun ki pa gen asirans, ki pa gen papye oswa ki pa gen ase resous. San Roe, non sèlman dwa yo genyen pou yo gen otonomi fizik yo ap pèdi, men lavi yo ap mete an plis danje tou lè yo fòse yo pote gwosès yo pa t vle rive nan bout kont volonte yo. Sa pa akseptab.  

Avòtman legal epi li pwoteje nan New York, jan li merite pou l ye nan tout rès peyi a. Antanke defansè ak founisè swen sante seksyèl ak repwodiktif kalite siperyè, nou sipòte Gouvènè Kathy Hochul ak lòt lejislatè yo san pran souf ki te defann dwa avòtman nan eta a. Kounye a, nou ankouraje Kongrè a pou kodifye Roe epi pwoteje dwa avòtman. Swen seksyèl ak repwodiktif se swen sante, epi pwoteje sèvis sa yo enpòtan pou adrese gwo disparite sante ki genyen nan peyi nou an. 

Pandan epòk sa a ki vrèman san parèy, Public Health Solutions rete fèm nan angajman nou pou konbat atak nasyonal sa a sou dwa repwodiktif yo epi defann moun n ap sèvi chak jou yo.  

Nou pral kontinye bay sèvis konplè pou planifikasyon familyal ak avòtman ak medikaman bay Nouyòkè ki nan bezwen. Nou kwè tout moun gen dwa jwenn aksè a swen sante alè ak kalite siperyè ke yo bezwen e yo merite, kèlkeswa asirans yo, revni yo, oswa sitiyasyon imigrasyon yo, epi nou pral kontinye pwoteje dwa chak moun pou bon sante.