Vandredi 7 avril la , jij distri ameriken Matthew Kacsmaryk te bay yon desizyon pou anile apwobasyon FDA a pou mifepristone, youn nan de medikaman vital yo itilize pou avòtman medikal, ke plizyè milyon moun te itilize san danje depi yo te apwouve l pou premye fwa 23 ane de sa. Pa twonpe w - desizyon san parèy sa a se yon menas pou sante piblik ak kalite swen sante, li poze konsekans grav ak danjere pou plizyè milyon moun andeyò Texas nan eta tankou New York ki kodifye dwa pou avòtman demokratikman nan lwa leta yo.
Nan Public Health Solutions (PHS), nou kondane desizyon sa a fòtman epi nou fache anpil devan atak kontinyèl la sou aksè a avòtman ak swen repwodiktif nan tout peyi a. Lè administrasyon Trump la te mete yon règ bouch baboukèt pou anpeche moun ki resevwa pwogram Planifikasyon Fanmi Federal Title X la tankou PHS menm diskite sou opsyon avòtman ak kliyan yo, nou te refize finansman sa a ki t ap egzije nou ofri swen ki pa etik e ki pa adekwa. Dènye atak sa a sou aksè avòtman inyore plizyè dizèn ane prèv syantifik epi li kreye yon presedan danjere pou entèferans ideolojik nan pratik medikaman ki baze sou syans nan lavni.
Yon òd sou itilizasyon mifepristone ki pral antre an vigè vandredi 14 avril la pa sèlman gen enpak sou plizyè milyon moun atravè peyi a, men tou li afekte popilasyon nou yo ki pi defavorize yo yon fason disproporsyonèl – moun nwa, endijèn ak lòt moun ki gen koulè, imigran, moun LGBTQ+, ak moun ki pa gen asirans, san papye, epi ki pa gen ase resous – epi li souliye politizasyon k ap grandi nan sistèm jidisyè a ak yon chanjman danjere nan direksyon politizasyon medikaman. Yon ti tan apre desizyon Kacsmaryk la, yon jij federal nan Washington te bay yon òd pou anpeche FDA fè nenpòt chanjman nan sitiyasyon mifepristone nan 17 eta ak nan Distri Columbia. Nou rekonèt FDA a pa ka konfòme li avèk tou de desizyon yo epi nou prevwa Lakou Siprèm nan ap bezwen bay opinyon li pou l pran yon desizyon final.
PHS sipòte totalman apèl Depatman Lajistis la kont desizyon Texas la e pou kounye a, mifepristone rete aksesib. "Nan ka mifepristone ta sispann sou mache a, PHS pare pou ajiste pwotokòl klinik nou an pou kontinye bay avòtman ak medikaman epi adrese bezwen sante seksyèl ak repwodiktif pasyan nou yo. Sepandan, pèsonn pa ta dwe kite opsyon swen sante ak swen avòtman yo detèmine pa desizyon politik. Nou p ap rete an silans devan yon desizyon politik ki fè kominote nou yo mal epi ki eseye kontwole yo," te di Dr. April Lockley, Direktè Medikal PHS la.
Lè PHS apiye sou pakèt sèvis nou yo tankou konsèy sou kontrasepsyon, tès pou maladi transmisib seksyèlman (IST), tès gwosès, ak referans sante, li pral fè tout sa li kapab pou asire ke pasyan nou yo ka resevwa swen yo bezwen an lè yo bezwen li. Nou angaje pou nou bay sèvis Sante Seksyèl ak Repwodiktif (SRH) ki santre sou pasyan an epi nou te bay swen SRH nan kominote ki gen ti revni pandan plis pase senkant ane. Nou te yon benefisyè pwogram Planifikasyon Fanmi Federal Title X la pandan prèske 40 ane epi nou te sipòte kapasite lòt founisè klinik SRH yo pandan prèske yon deseni. Nou espere ke lè nou kenbe angajman nou anvè tout aspè swen sante seksyèl ak repwodiktif, nou ka toujou sèvi kòm yon sistèm sipò vital pou pasyan nou yo.
Anfen, n ap kontinye sipòte swen sante ki baze sou prèv epi goumen pou dwa pasyan nou yo pou yo chwazi, epi tou bay tout resous yo bezwen pou yo pran pi bon desizyon pou sante yo. Nou rete angaje pou nou bay tout sèvis sante seksyèl ke kominote nou yo bezwen nan yon fason ki amelyore otonomi repwodiktif ak jistis repwodiktif. Avòtman se swen sante epi swen sante se yon dwa pou tout moun. Nou te deja goumen kont obstak nan swen avòtman anvan, epi nou pa gen plan pou nou fè bak nan yon ti tan.