Vandredi, Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini an te pibliye yon règ final ki pa ofisyèl ki pral limite aksè pou plizyè milyon moun nan Pwogram Planifikasyon Fanmi Title X la, sèl pwogram nan peyi a ki ofri kontwòl nesans ak swen repwodiktif abòdab. Sant Title X yo resevwa anviwon 4 milyon pasyan chak ane, epi yo estime gen 19 milyon pasyan ki bezwen swen sante repwodiktif.
Public Health Solutions kanpe fèm kont desizyon administrasyon an paske non sèlman li febli misyon Pwogram Planifikasyon Fanmi Title X la, men li pral fè yon domaj ireparab pou sante piblik kominote n ap sèvi yo. Men yon deklarasyon Prezidan ak Direktè Jeneral Public Health Solutions, Lisa M. David:
"Nan Vil Nouyòk, Public Health Solutions ap administre finansman federal Title X la kounye a pou sis sant sante ak 13 sit sèvis, pou bay sèvis planifikasyon familyal ak sante prevantif konplè ak kalite siperyè pou plis pase 40,000 Nouyòkè. Prèske 67% nan moun sa yo, ki gen ladan granmoun ak adolesan, ap viv anba liy povrete a, plis pase mwatye depann sou pwogram asirans sante piblik epi prèske yon ka pa gen asirans sante ditou."
Desizyon sa a se yon enpozisyon direktiv sante katolik ki mete an danje travay yon rezo founisè planifikasyon familyal ou ka fè konfyans, ki bati pandan plizyè dizèn ane, lè yo mete kwayans relijye yo anvan dwa fondamantal yon moun genyen pou l jwenn swen sante abòdab e kalite siperyè. Youn nan gwo konsekans yo se ke moun k ap resevwa Tit X yo, ki kounye a oblije ofri yon seri konplè sèvis planifikasyon familyal, p ap oblije fè sa ankò, epi pwogram ki anseye sèlman abstinans ak lòt metòd kontrasepsyon ki mwens efikas yo ap vin kalifye pou finansman sa a.
Asire aksè a kontrasepsyon abòdab ak swen sante prevantif ak repwodiktif ki nesesè medikalman pou plizyè milyon moun ki depann sou fon Tit X yo, se yon bagay endispansab pou misyon nou pou amelyore rezilta sante piblik yo epi reyalize ekite nan sante. Nou rete angaje anvè Nouyòkè vilnerab yo, sitou anpil fanm ki gen ti revni ki resevwa asistans planifikasyon familyal atravè pwogram nou yo ak lòt pwogram finanse pa Tit X yo, ki pral santi pi gwo enpak chanjman sa yo.