Deklarasyon Prezidan ak Direktè Jeneral PHS, Lisa David, sou Plan Sekou Ameriken an

Imaj Afiche

Pandan ane ki sot pase a, konsekans ekonomik pandemi an te gen yon enpak disproporsyonèl sou popilasyon ki pa jwenn ase sèvis yo e li ogmante kantite Nouyòkè ki vin vilnerab kounye a. Chomaj menase pouse fanmi yo nan povrete, ak anpil Nouyòkè ki gen ti revni k ap enkyete yo pou yo pa gen lajan oswa pou yo pa jwenn manje sou tab la. Nou te travay pandan plizyè dizèn ane pou asire ekite nan domèn sante pou Nouyòkè yo, e enpak ekonomik pandemi an fè misyon nou vin pi ijan toujou. Pandan ke pandemi an poko fini e doulè ekonomik la toujou la, Plan Sekou Ameriken Prezidan Biden ki fèk pase a ofri nouvo espwa pou yon avni ki pi briyan e ki pi ekitab isit la nan Vil Nouyòk.

Kominote nou yo bezwen sipò dirèk, siyifikatif, ak alontèm pou yo ka kontinye simonte kriz sa a. Plan Sekou Ameriken an fè sa posib, epi li gen ladan l yon seri dispozisyon ki pral bay èd imedya ak nesesè pou Nouyòkè yo.

  • Yon sipleman asirans chomaj $300 ap kontinye jiska septanm epi plizyè milyon moun ap kenbe kalifikasyon yo pou chomaj. Sa a se anplis chèk siviv $1,400 ki pral dirèkteman bay plizyè milyon Ameriken.
  • Fanmi ki gen timoun pral resevwa yon kredi taks pou timoun ki elaji jiska $3,600 pou yon ane. Kredi taks la poukont li ta ka diminye povrete timoun yo Ozetazini prèske mwatye .
  • Benefis SNAP yo pral ogmante pa 15% jiska mwa septanm, epi benefis WIC yo pral modènize epi amelyore. Nou enskri plizyè milye Nouyòkè nan benefis sa yo chak ane, epi chanjman sa yo pral fè yon diferans nan kapasite yo pou mete manje sou tab la.
  • Yo pral envesti 7.66 milya dola pou etabli, elaji, epi soutni yon mendèv sante piblik, pou bay enfrastrikti ki nesesè pou kenbe Amerik an sante.

Pandan moman difisil sa a, pwojè lwa sa a pote yon soulajman yo bezwen anpil pou moun ki toujou afekte pa konsekans ekonomik ak sante pandemi an. Gras ak soulajman Plan Sekou Ameriken an ofri a, PHS rete angaje pou diminye inegalite nan domèn sante a lè l ap bati yon avni kote tout Nouyòkè yo mennen yon vi ki an sante.