Nouvèl ki soti Texas ak Lakou Siprèm nan dènye jou yo vrèman fè moun fache anpil. Lwa Sena a (SB) 8 nan Texas la – ki entèdi avòtman apre sizyèm semèn gwosès la epi ki ankouraje sitwayen prive yo pouswiv nenpòt moun ki enplike nan entèripsyon yon gwosès – vyole san wont sante ak otonomi pèsonèl moun atravè eta a. Mwen plis choke ke Lakou Siprèm Etazini an pa t pran mezi ijans pou bloke lwa sa a ki flagranman kont Konstitisyon an antre an vigè. Sa a se yon ijans sante piblik.
Mepri flagran sa a pandan prèske 50 ane lalwa etabli mete plizyè milyon Teksan an danje epi refize yo dwa fondamantal yo pou jwenn aksè a swen sante repwodiktif. Nou pa dwe bliye ke SB 8 pral gen yon enpak disproporsyonèl sou Teksan ki deja fè fas ak difikilte pou jwenn aksè a swen: moun Nwa, Endijèn, Latina/x, ak AAPI, popilasyon ki gen ti revni ak popilasyon san papye, moun LGBTQ+ ak moun k ap viv nan kominote riral yo.
Ann klè: SB 8 la se dènye entèdiksyon ki pi restriksyon an nan yon seri atak kont swen repwodiktif nan peyi sa a, epi li se yon kou devastatè pou fondasyon legal aksè a avòtman. Gen lòt eta ki aktyèlman limite aksè a avòtman tankou Florid, Dakota dinò, Mississippi, Arkansas, Dakota disid ak Indiana ki deja montre entansyon yo pou eseye adopte plis lwa restriksyon menm jan ak SB 8 la, epi gen deja ka ki sou dosye Lakou Siprèm ki pral vini an ki ta ka ranvèse nèt ka Roe kont Wade la.
Nou pa ka rete san nou pa di anyen pandan moun atravè peyi a, ki pa diferan de kominote n ap sèvi isit la nan PHS, ap pèdi dwa ak chwa yo. Nan mitan tout bagay sa yo, PHS rete fèm nan misyon nou pou asire tout Nouyòkè, sitou moun ki tradisyonèlman pa jwenn swen kalite siperyè, gen aksè a swen sante seksyèl ak repwodiktif kalite siperyè yo merite, kèlkeswa asirans yo, revni yo oswa sitiyasyon imigrasyon yo.
Lè administrasyon Trump la te mete yon règ bouch baba pou anpeche moun ki resevwa Tit X (pwogram planifikasyon familyal federal) tankou nou menm diskite sou opsyon avòtman ak kliyan nou yo, nou te refize finansman sa a ki t ap oblije nou ofri swen ki pa etik e ki pa adekwa.
Lè pandemi an te frape, nou te asire nou ke pòt nou yo te rete ouvè pou plizyè milye moun nan New York ki gen ti mwayen te ka kontinye jwenn aksè a sèvis vital yo. Anplwaye nou yo te asire ke yo te gen yon kote pou yo ale pou konsèy sou kontrasepsyon, swen prenatal, tès ak tretman pou maladi transmisib seksyèlman (MST), ak plis ankò. Apre sa, lè Eta New York te koupe finansman pou klinik nou yo ki baze nan Brooklyn nan bidjè a, nou te goumen - epi nou te genyen.
PHS ap kontinye goumen pou jwenn aksè a swen sante seksyèl ak repwodiktif ki gen bon kalite – nan vil Nouyòk ak atravè peyi a. Nou ta renmen tou ankouraje travay òganizasyon lokal yo ak fon avòtman nan Texas ki te asire aksè pou kominote yo pandan plizyè ane: Lilith Fund , Texas Equal Access Fund , Fund Texas Choice , Jane's Due Process , Frontera Fund , Buckle Bunnies Fund , West Fund , Bridge Collective ak Clinic Access Support Network .