Imajine ou menm ak mari oswa madanm ou fèk imigre nan vil Nouyòk, lwen fanmi pwòch ak zanmi nou te konte sou yo pou sipò. Epi apre sa, nou dekouvri ou ansent.
Ki kote ou chèche konsèy? Ki jan ou fè jere evènman sa a ki chanje lavi ou san moun ou renmen yo?
Siby ak mari l te imigre soti nan peyi Zend pou Staten Island kèk ane de sa. Lè yo te dekouvri yo t ap ansent premye pitit yo a, yo pa t konnen ki moun pou yo te al jwenn.
Li te santi l boulvèse, epi li te santi l poukont li.
“Mwen pa gen fanmi isit la, paran mwen yo nan peyi Zend. San manman m, mwen te gen anpil laperèz. Kisa mwen bezwen konnen pou mwen menm ak tibebe mwen an? Kijan mwen ka jere sa poukont mwen san paran mwen?”
Pandan Siby te nan randevou prenatal 3 mwa li a, li te wè yon piblisite pou Nurse-Family Partnership® (NFP). Tankou anpil manman ki fèk akouche epi ki patisipe nan pwogram NFP a, Siby te bezwen anpil sipò pandan gwosès li ak apre pitit fi li a te fèt.
Aprann plis bagay sou Pwogram Patenarya Enfimyè-Fanmi® PHS la
NFP se yon pwogram sante kominotè ki baze sou prèv, ki sèvi fanm ki gen ti mwayen epi ki ansent ak premye pitit yo, tankou Siby. Public Heath Solutions (PHS) dirije pwogram NFP nan Queens ak Staten Island, kote chak nouvo manman vilnerab asosye avèk yon enfimyè ki anrejistre byen bonè nan gwosès li epi jiskaske tibebe a gen dezan. Se yon patenarya ki transfòme lavi, pou manman an ak pitit li.
Lè Siby ak mari l te rankontre enfimyè yo a, li te santi l soulaje menm kote a.
“Li te vin lakay mwen pandan tout gwosès mwen an epi li te ede m anpil. Kòm se premye tibebe mwen an, mwen pa t ap janm konnen anyen sou pran swen yon tibebe ki fèk fèt, epi mwen te aprann anpil bagay. Li te asire m ke mwen te ka pran telefòn nan epi rele l nenpòt ki lè mwen te bezwen.”
Pwogram NFP PHS la ede nouvo manman yo devlope bon pratik sante prevantif, tankou swen prenatal konplè nan men founisè swen sante yo, amelyore rejim alimantè yo, epi diminye konsomasyon sigarèt, alkòl, ak sibstans ilegal yo. Lè timoun nan fèt, enfimyè yo travay pou amelyore sante ak devlopman timoun nan lè yo ede paran yo bay swen responsab ak konpetan. Pratik sa yo montre yo gen rezilta enkwayab, tankou rediksyon nan abi sou timoun, neglijans ak blesi, ak rediksyon nan pwoblèm konpòtman ak entelektyèl pou timoun ki patisipe yo.
Enfimyè yo pa sèlman travay pou amelyore sante manman ak pitit la, men yo travay tou sou otosifizans ekonomik fanmi an lè yo ede paran yo devlope yon vizyon pou pwòp avni yo, planifye gwosès nan lavni, kontinye edikasyon yo epi jwenn travay. Anfèt, rechèch yo montre ke NFP ogmante travay manman yo pa 82%.
Pwogram NFP PHS la pa sèlman sipòte nouvo manman yo, men li fè anpil efò tou pou enplike papa yo. Etid yo montre ke pwogram sa a ogmante prezans papa yo nan kay la de 68%. Mari Siby pa t konnen ki wòl li t ap ye antanke yon nouvo papa, men avèk ankourajman enfimyè a, li te patisipe anpil.
"Mari m te vin pi eksite pase m pandan m te ansent. Li te toujou patisipe lè enfimyè a te vin vizite, li te toujou gen anpil kesyon. Li te trè angaje."
Pitit fi Siby a gen dezan kounye a epi li byen devlope. Siby ak fanmi li te gradye avèk siksè nan pwogram Patenarya Enfimyè-Fanmi PHS la nan Staten Island. Siby ak mari l santi yo gen sa ki nesesè pou yo grandi fanmi yo lè moman an rive. “Mwen santi mwen ekipe kounye a. Mwen gen konfyans pou m vin yon bon manman.”
Fanmi Siby a petèt yon lòt bò dlo, men NFP te ba li lanmou ak sipò li te bezwen pou l reyisi antanke yon nouvo manman.
Mwen panse manman imigran yo merite sipò.
Tout manman ki pral ansent merite sipò yo bezwen pou yo reyisi nan matènite. Fè yon don bay Public Health Solutions, epi w ap louvri pòt pou plis sèvis gwosès ak paran pou fanmi ki ansent yo. Kontribisyon san restriksyon ou an sipòte travay nou nan ede fanmi ak kominote vilnerab nan Vil Nouyòk.