Apre plizyè dizèn ane atak agresif sou dwa pou chwazi pa mouvman anti-avòtman an, yon bouyon opinyon Lakou Siprèm ki poko final la ki te koule endike fen Roe kont Wade a iminan. Antanke defansè fèm dwa repwodiktif yo, nou pwofondman desi e degoute pa volonte majorite Lakou Siprèm nan pou anile presedan ki te pwoteje dwa pou fè avòtman nan Amerik.
Fen Roe a vle di plizyè milyon moun atravè peyi a p ap gen dwa jwenn aksè a swen sante repwodiktif. Yon fwa desizyon an final, prèske mwatye nan eta yo dwe aji imedyatman pou entèdi avòtman oswa limite anpil aksè a avòtman. Kèk klinik ki rete nan eta ki gen entèdiksyon yo pral fèmen, epi fanm k ap chèche avòtman yo pral fè fas ak defi ensormontab tankou vwayaje pi lwen nan eta kote avòtman legal. Nan eta ki gen entèdiksyon yo, kominote ki pi vilnerab yo ak kominote ki pi defavorize yo pral afekte plis: pòv, nwa, Latina, adolesan, imigran ki pa gen asirans, ak imigran san papye.
Nou pa ka rete san nou pa di anyen pandan moun ak kominote yo, menm jan ak sa yo ke Public Health Solutions (PHS) ap sèvi yo, ap pèdi dwa ak chwa yo. Nan vil Nouyòk ak atravè peyi a, nou kwè tout moun gen dwa a swen sante seksyèl ak repwodiktif ki gen bon kalite.
Menm apre ranvèsman terib ak espere a nan ka Roe a, aktivis anti-avòtman yo ap kontinye goumen kont dwa pou chwazi; apre sa, y ap pouse pou yon politik federal entèdi avòtman tout kote. Nou pa ka tann pou sa rive. Dwa pou resevwa yon avòtman dwe kodifye nan lalwa.
Pandan n ap tann desizyon final Lakou Siprèm nan, PHS ap kontinye goumen kont atak sou dwa repwodiktif yo epi defann moun n ap sèvi yo. Antretan, nou rete fèm nan misyon nou pou asire tout Nouyòkè, epi sitou moun ki soti nan kominote ki pa jwenn ase sèvis, gen aksè a swen sante kalite siperyè yo bezwen epi yo merite, kèlkeswa asirans yo, revni yo, oswa sitiyasyon imigrasyon yo.
Kredi Imaj: Anna Johnson / Associated Press