Apre prèske 40 ane, Public Health Solutions (PHS) ka pa kapab bay sèvis sante seksyèl ak repwodiktif bay plizyè milye New Yorkè ki gen ti revni ankò akoz règ bouch babouk administrasyon Trump la sou Pwogram Planifikasyon Fanmi Title X la.
Règ bouch babouk la entèfere nan relasyon pasyan-founisè ou fè konfyans lan lè li anpeche moun k ap resevwa finansman Tit X yo bay pasyan yo tout enfòmasyon sou opsyon planifikasyon familyal epi refere pasyan yo bay sèvis avòtman. Li febli misyon pwogram nan epi li pral agrave disparite nan sante pou kominote ki gen ti revni atravè peyi a. Public Health Solutions pa ka angaje l pou l respekte règ ki ta fè nou pa kapab bay swen nou kwè ladan l lan: sèvis planifikasyon familyal konplè ak kalite siperyè pou Nouyòkè ki gen ti revni ki pi bezwen yo. Nou pa vle konpwomèt kwayans sa yo lè nou ranplase sèvis nou yo ak swen sante ki pa adekwa ak ki pa konplè.
Sa a se yon desizyon ki vrèman difisil. Kounye a, nou administre $4.6 milyon dola nan finansman federal Tit X pou sis sant sante ak 13 sit sèvis; de nan sit sa yo se sant sante seksyèl ak repwodiktif ke PHS ap dirije dirèkteman, k ap sèvi kominote ki gen gwo bezwen nan tout Brooklyn – tankou Bedford-Stuyvesant, Brownsville, Crown Heights, East New York, Flatbush, ak Fort Greene. Prèske de tyè nan moun nou sèvi yo, tankou granmoun ak adolesan, ap viv anba liy povrete a; plis pase mwatye depann sou pwogram asirans sante piblik; epi prèske yon ka pa gen asirans sante ditou. Règ bouch babouk sa a se yon lòt fason administrasyon Trump la ap vize Ameriken ki pi vilnerab yo yon fason enjis.
San lajan Tit X la, pwogram nou dirije ak finanse yo – ki bay swen esansyèl pou kominote yo epi amelyore ekite nan sante atravè Nouyòk – an danje. Gen lòt eta ki ranpli espas finansman sa a, epi nou espere Eta Nouyòk ap fè menm bagay la antanke yon lidè nasyonal sou dwa repwodiktif. Nou tout dwe travay ansanm pou nou konbat efasman plizyè dizèn ane pwogrè administrasyon Trump la.
Sipòte Sèvis Sante Gratui yo
Ou ka ede nou ranpli espas vid la. Fè yon don bay Public Health Solutions pou nou ka kontinye bay sèvis sante gratis ki esansyèl pou Nouyòkè yo.