Nou fèk òganize yon gradyasyon pou fanmi ki te konplete pwogram Patenarya Enfimyè-Fanmi® (NFP) nou an ane sa a. NFP se yon sèvis vizit lakay gratis ki bay nouvo manman yo konesans ak sipò enpòtan depi nan kòmansman gwosès la rive jis tibebe a gen dezan.


Nan dat 13 septanm 2017, nou te selebre 34 fanmi ki te konplete pwogram NFP ane sa a, ki gen ladan twa pè marasa! Non sèlman gradye nou yo se superhero, nou kwè vizitè lakay nou yo se ewo tou.

Public Health Solutions dirije pwogram NFP nan Queens ak Staten Island. Pwogram NFP a bay manman ki fèk akouche yo pouvwa pou yo kreye yon pi bon lavi pou pitit yo ak pou tèt yo avèk konfyans grasa patenarya yo ak enfimyè pwofesyonèl ki pran swen yo epi ki bay sèvis nan kay fanmi an. Pwogram nan montre li amelyore rezilta akouchman yo anpil, li amelyore preparasyon pou lekòl, epi li diminye blesi, abi ak neglijans nan anfans. Li montre tou li ogmante travay manman yo, epi li ogmante prezans papa yo nan kay la. Nou fyè anpil de fanmi ki angaje yo pou konplete pwogram NFP a, epi kòm rezilta, yo se fanmi ki pi an sante ak pi solid.
Aprann plis bagay sou Patenarya Enfimyè-Fanmi PHS la®

Mèsi a NYC DOHMH ak Konsèy Minisipal Nouyòk paske yo fè li posib pou nou pote sèvis Patenarya Enfimyè-Fanmi® bay fanmi nan Queens.
Aprann plis bagay sou pwogram vizit lakay nou yo, tankou Patenarya Enfimyè-Fanmi®.